MINUJUSTH ak HCDH pibliye rapò sou vyolans ki te fèt 13 ak 14 novanm nan La Saline
Pòtoprens, 21 jen 2019- Misyon Nasyonzini pou apiye lajistis nan peyi Dayiti (MINUJUSTH) ak Wo Komisarya Nasyonzini pou dwa moun (HCDH) pibliye jodi a rapò ankèt yo tap mennen sou zak ki te pase 13 ak 14 novanm 2018 nan katye La Saline ki nan Pòtoprens. Pandan de jou sa yo, senk gang ame ki t ap goumen pou gen kontwòl katye sa a ki nan malsite, te fè yon atak ke yo te byen planifye depi anvan, sou moun k ap viv nan La Saline ; moun yo ta te make palefèt ke ta sanble yo se asosye ak yon seri de lòt gang ame ki dozado avè yo, yo menm. Se nan konsa yo touye 26 moun pou pi piti enpi yo fè yon pakèt zak vyolans, pami yo, de kadejak an gwoup.
Avèk konsta sa yo, rapò a di kèk bagay ki mande reflechi, ki gen pou wè ak abi dwa moun ki fèt sou moun ki rete La Saline yo ak enplikasyon kèk ajan Leta ta genyen nan atak sa a. Rapò a fè sonje obligasyon Leta ayisyen genyen nan kesyon dwa entènasyonal dwa moun enpi l prezante kèk rekòmandasyon bay otorite ayisyen yo, yon fason pou san mank, moun ki sispèk kòm reskonsab vyolans sa yo, menm sila yo ki swa t ap travay nan Leta, swa ap travay toujou nan Leta, pou yo rele moun sa yo devan lajistis, jan sa dwe fèt dapre nòm entènasyonal yo.
Rapò a rekòmande yon seri mezi ki daplon pou pwoteje sekirite, byennèt fizik, sikolojik ak diyite viktim ak temwen yo ki ap pote plent pou vyolans sa yo, ansanm avèk yon sipò espesyal pou timoun ki poko gen dizwuit lane yo, tankou pou viktim vyolans seksyèl yo tou.
Men lyen pou li rapò a nèt : https://minujusth.unmissions.org/sites/default/files/minujusth_hcdh_rapport_la_saline_1.pdf
Contact média : José Ignacio Martín Galán
Chef adjoint de la Communication Stratégique et de l'Information Publique - Porte-parole adjoint.
Mission des Nations Unies pour l’appui à la Justice en Haïti (MINUJUSTH)
Tel: +509 22 29 67 00; ext.: 7114 /Cell: +509 370 96 143 / Email: martingalan@un.org