Communiqué de presse – 9 février 2018

9 fév 2019

Communiqué de presse – 9 février 2018

MINUJUSTH

C’est avec une profonde tristesse que les Nations Unies ont appris aujourd’hui le décès de quatre personnes à la suite d’un accident de la route impliquant un véhicule de transport en commun haïtien et un véhicule blindé de transport de troupes, survenu dans la soirée à Canapé Vert, un quartier de la capitale haïtienne, Port-au-Prince. Selon des informations préliminaires, un citoyen Haïtien et huit policiers des Nations Unies qui ont été blessés, font actuellement l’objet de soins.

Helen La Lime, Représentante spéciale du Secrétaire général (RSSG) en Haïti, présente ses condoléances aux familles des victimes et ses sympathies aux personnes blessées. « Je suis profondément attristée par les pertes en vies humaines et souhaite présenter mes sincères condoléances aux familles et aux amis des défunts, ainsi que ma vive compassion aux blessés », a indiqué le RSSG.

« J'ai demandé que les circonstances de cet accident fassent l'objet d'une enquête approfondie », a ajouté la RSSG.

--

Se ak anpil tristès Nasyonzini aprann jodi a ke kat (4) moun mouri nan yon aksidan ke yon machinn transpò piblik (tap-tap) ak yon machinn blende ki te gen twoup ladan l, fè nan aswè jodi a, sou wout Kanapevè, yon katye nan kapital la. Premye enfòmasyon sou aksidan an fè konnen ke yon (1) sitwayen ayisyen ak uit (8) polisye nasyonzini ki te blese nan aksidan an ap resevwa laswenyay nan moman an.

Helen La Lime, Reprezantan espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini an (RSSG) an Ayiti, voye kondoleyans li pou fanmi viktim yo ak senpati l pou moun ki blese yo ak pawòl sila yo : « Lanmò sa yo ban mwen anpil kè sere e mwen vle prezante sensè kondoleyans mwen a fanmi e zanmi defen yo, ansanm ak tout konpasyon m pou sila ki blese yo. »

RSSG a rapousib pou l di : « Mwen mande yon ankèt apwofondi sou sikonstans ki lakòz aksidan
sa a rive fèt ».